News Release Header
For Immediate Release:
January 17, 2010

Media Contact:
EOC PIO Workroom

305-468-5954



Yap fè bibliyotèk yo, estasyon polis yo ak ponpye yo nan Konte Miami-Dade sèvi kò m sant pou koleksyonnen pwovizyon pou ede Ayiti


(Miami-Dade County, FL) -- 
Apre trajedi tranblemandtè ki frape Ayiti madi a, Konte Miami-Dade ap pase nan nouvo faz  jefò pou ede yo. Apati dimanch, 17 janvye 2010, tout estasyon polis ak ponpye Konte Miami-Dade, ansanm ak bibliyotèk yo, pral sèvi kòm sant pou koleksyonnen pwovizyon yo ki tèlman nesesè a pèp Ayisyen an.

Aktyèlman la a, ofisyèl yo ap mande pwovizyon ke nap pote yo nou limite yo a manje nan kenn, dlo, gan (tout kalite),mask medikal yo ak tant yo. Kidonk Konte Miami-Dade ap raple nou ke an nou limite tout sa nap bay yo a lis bagay espesifik sa yo sèlman, pa voye rad oswa okenn lòt bagay.

Konte Miami-Dade ap travay an patenarya ak yon kantite minisipalite Miami-Dade nan jefò sa yo, enkli Hialeah, Coral Gables, Homestead, North Miami Beach, North Miami, Miami, Miami Beach, Miami Springs, Sweetwater, South Miami, Pinecrest, Florida City, Aventura, Golden Beach, El Portal, Miami Shores, North Bay Village, Bay Harbor Island, Surfside, Indian Creek ak Lekòl Piblik Miami-Dade yo. (Minisipalite yo va deside sou sit pou koleksyonnen pa yo, ki petèt pap enkli estasyon polis, ponpye oswa bibliyotèk yo.)

Majistra Alvarez te di konsa, “Genyen yon gran jefò kap sòti de toupatou pou kominote Ayisyèn la epi rezidan nou yo ap chèche mwayen ak fason ke yo kapab bay patisipasyon pa yo. Konte Miami-Dade fyè pou li rantre an patenarya ak lòt kominote yo nan jefò sa a kap fèt alawonnbadè nan konte an.”

“Ayiti bezwen anpil bagay kounyeya epi Konte Miami-Dade plis ke pare pou ba li tout sa ki pou sove lavi pèp la kap soufri” Komisyonè Audrey Edmonson tap esplike.  “Don yo se jis yon mwayen nou genyen pou nou demontre Ayiti ak pèp li a tout sipò nou.”

Ak tout ke bibliyotèk yo ap fèmen jou lendi 18 janvye 2010 la pou obzève Anivèsè Dr. Martin Luther King Day, sikisal bibliyotèk sa yo va asepte don yo jou dimanch 17 janvye 2010 la ak lendi 18 janvye a, de 1 pm a 5 pm.

MIAMI BEACH REGIONAL

227 22 ST.

MIAMI BEACH, FL 33139

 

NORTH DADE REGIONAL

2455 NW 183 ST.

MIAMI GARDENS, FL 33056

 

SOUTH DADE REGIONAL

10750 SW 211 ST.

CUTLER BAY, FL 33189

 

WEST DADE REGIONAL

9445 CORAL WAY

MIAMI, FL 33165

 

WEST KENDALL REGIONAL

10201 HAMMOCKS BLVD.

MIAMI, FL 33196

 

KEY BISCAYNE BRANCH

299 CRANDON BLVD.

KEY BISCAYNE, FL 33149

 

Pou plis enfòmasyon sou sit kap koleksyonnen yo, rezidan yo mèt rele 3-1-1 oswa ale sou www.miamidade.gov.

**Konte Miami-Dade ap kontinye ankouraje don monet atravè Lakwa Wouj oswa lòt ajans òganizasyon èd entènasyonal.

 

 


 

# # #

 

OFFICE OF THE MAYOR
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, 29th Floor Miami, Florida 33128
(305) 375-5071