News Release Header
For Immediate Release:
January 18, 2010

Media Contact:
Marie Bertot

786-218-4682



Ekip Sovtaj Konte Miami-Dade La Sove Moun An Ayiti Epi Lap Fòme Patnéchip Pou Bay É d Alejman A


(Miami-Dade County, FL) -- 

Koumanse ak ekip bouskay ak sovtaj li-a, ki te youn nan premye ki reponn a kriz peyi a, pou kolekte manje ak lòt kalite pwovizyon epi pou bay asistans lokal a kominote Ameriken-Ayisyen nou an bò isit, Konte Miami-Dade ak tout rezidan li yo kontinye bay soutyen a Ayiti.

 

Manm yo de Ekip Boukay ak Sovtaj Depatman Ponpye Miami-Dade ak Florida Task Force 1 kontinye fè sovtaj pou moun ki pat peri nan tranblemandtè men ki antere anba debri. Anpil nan moun sa yo se dè ti bebeb ke yo ede reyini ak fanmi yo.  Jiska dat, gen dè douzèn moun ke manm Florida Task Force 1 yo sove.

 

Lokalman, Konte Miami-Dade ap fòme patnèchip ak yon kantite òganizasyon ak minisipalite pou kowòdone jefò pou bay èd pwovizyon yo. Jodiya, Konte a koumanse travay ak òganizasyon Food for the Poor nan sit distribisyon ke yo genyen an Ayiti. Òganizasyon an ap voye gwo pake atik medikal ki trè nesesè ak dè lòt kalite pwovizyon an Ayiti pa avyon dirèkteman Pòtoprens ak pou pase pa Repiblik Dominikèn. Kontakte www.foodforthepoor.org pou plis enfòmasyon sou jefò alejman yo.

 

Komisyonè Audrey Edmonson di konsa, “Food for the Poor se yon òganizasyon èd entènasyonal ki toujou reyisi a livre manje ak pwovizyon an Ayiti”.  Li kontinye di konsa, “Nou trè fyè fòme yon patnèchip ankò ak òganizasyon sa a nan yon moman difisil pou pèp Ayisyen an”.

Majistra Miami-Dade Carlos Alvarez di “Rezidan Miami-Dade yo ankò retounen ouvè kè yo ak bous yo”. Li di ke, “Nap travay ak yon rezo ajans ak minisipalite pou fè èd sila yo rantre an Ayiti pi vit posib”.

 

Pandan ke nou prefere lajan kòm dotasyon, Konte Miami-Dade ap sèvi ak estasyon polis ak estasyon ponpye li yo, menm ak bibliyotèk li yo, kòm dè lokal kote pou moun ale depoze atik ke yap bay, ki enkli manje ki pap gate, dlo, tout kalite gan, mask pou doktè ak tant pou kanping. Tanpri pa pote ni rad ni okenn lòt atik.

 

Pandan ke laplipa bibliyotè fèmen lendi, 18 janvye 2010 pou fèt Dr. Martin Luther, Jr. King Day, Konte Miami-Dade ap asepte dotasyon jodiya nan sèten lokal bibliyotèk de 1 p.m. a 5 p.m.  Lokal sa yo enkli Miami Beach, North Dade, South Dade, West Dade, West Kendall ak Key Biscayne.

 

Lokal “Haitian Relief Center” ki chita nan Edison/Little River Neighborhood Center kontinye ap fonksyone epi li reyini pa telefòn 136 manm nan kominote Ayisyen-Ameriken nou an ak fanmi yo an Ayiti, gras a patnèchip nou genyen ak  Comcast.   Sant la ouvè di lendi o vandredi de 8:00 am a 6:00 p.m.

 

Pou plis enfòmasyon sou jefò alejman ak rekiperasyon yo, rezidan yo ka rele 3-1-1 oswa ale sou www.miamidade.gov.

 


 

# # #

 

OFFICE OF THE MAYOR
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, 29th Floor Miami, Florida 33128
(305) 375-5071