For Immediate Release:
March 18, 2010

Media Contact:
Sony M. Perez
soperez@miamidade.gov
305-375-4942



Prim Chofè De Lane Gaye Pa Demissie Kefenie


(Miami-Dade County, FL) -- 
Chofè taksi Demissie Kefenie te nonmen Chofè de Lane nan yon seremoni espesyal ki te fèt an lonè li jou 9 mas 2010 nan Sal Reyinyon Asanble Komisyonè Konte Miami-Dade anba lavil Miami. Li resevwa yon plak ak yon chèck $2,500 poutèt li bay sèvis kliyantèl eksepsyonèl.

Yon pasaje Kefenie, yon pilòt komèsyal, te pèdi  bous li ki te gen ladan pliske $600 dola, kat sosyal li, kat kredi li, foto pitit li, lisans pilòt li, ak dokiman medikal li.  Kefenie chèche tout kote li konnen, menm nan anyè telefòn lòt Eta pou jwenn nimewo pou'l kontake pasaje a. Li finalman voye yon lèt bay pasaje a pou enfòme li ke li te jwenn bous liya. 

Pasaje a ekri pou di de kandida a, "Nan pyès pilòt yo a 37,000 pye nan lèzè sou tèt South Beach, ak nan tout rès Zetazini, listwa jefò ak detèminasyon [Mr. Kefenie] ap rakonte de ekip a ekip. Nou tout dakò ke, pwochèn fwa ke nou vizite South Beach, lè nou ouvè pòt yon taksi, [nou espere] ke se va Mr. Kefenie ak tout souri li ki va akeyi nou".

"Se poutèt chofè dedye tankou Mr. Kefenie ki fè ke vizitè yo kontinye retounen nan Konte nou an", pawòl Direktè Depatman Konsomatè Miami-Dade Cathy Grimes Peel.

 "Se kalite estimilis ekonomik sa a nou bezwen".

Pwogram Ankourajman Chofè Taksi an te kreye an 1998 pou rekonpanse chofè ki bay bon kalite sèvis.  Pwogram lan administre pa Depatman Sèvis Konsomasyon Miami-Dade ki règlemante taksi yo ak ba yo pèmi. Se pasaje yo ak lòt chofè yo ki chwazi kandida yo.  Moun ki ganye prim lan resevwa yon plak ak lajan kòm prim. Anplis de prim Chofè de Lane, chak twa mwa, yo chwazi yon kandida pou rekonèt kòm Chofè di Trimès. 

Pou plis enfòmasyon sou Depatman Sèvis Konsomatè, ale sou sit entènèt www.miamidade.gov/csd oswa rele (305) 375-3677.

Chauffeur of the Year
Demissie Kefenie te nonmen Chofè de Lane nan yon seremoni espesyal ki te fèt an lonè li jou 9 mas 2010 nan Sal Asanble Komisyonè Konte Miami-Dade anba lavil Miami. Foto de gòch a dwat se Komisyonè Carlos A. Gimenez, Distrik 7; Direktè Depatman Sèvis Konsomasyon Miami-Dade Cathy Grimes Peel; Gayan prim Chofè de Lane Demissie Kefenie, ak  madanm li Sasha; ak Komisyonè Rebeca Sosa, Distrik 6.

About CSD
The Miami-Dade Consumer Services Department (CSD) investigates and mediates consumer complaints, enforces the County's consumer protection laws and business regulations, and licenses certain businesses.  In addition, the department's Cooperative Extension Division provides technical assistance to commercial agricultural growers, backyard gardeners, homeowners, and manages youth and family development programs.  The department also educates consumers on issues that affect them and provides resources to the public to improve their quality of life.

 

# # #

 

CONSUMER SERVICES DEPARTMENT